Ezequiel 29
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Lejip. Bay mesaj sa a sou farawon an, wa peyi Lejip la, ak sou tout peyi Lejip. 3Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'. 4Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou. 5Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou. 6Lè sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou, men ou pa t' pi solid pase yon baton wozo. 7Lè yo apiye sou ou, ou kase nan men yo, ou dechire tout po men yo. Wi, lè yo apiye sou ou, yo tonbe, ren yo kase. 8Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou. 9Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l'. 10Enben, mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fwontyè peyi Letiopi. 11p'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l'. 12M'ap fè peyi Lejip la tounen peyi ki pi devaste sou tout latè. Pandan karant lanne tout lavil peyi Lejip yo pral tounen mazi. Y'ap kraze pi mal pase mazi nenpòt ki lòt lavil ki devaste. Mwen pral depòte moun peyi Lejip yo nan lòt nasyon. M'ap gaye yo nan divès lòt peyi. 13Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Apre karantan, m'ap pase men pran moun peyi Lejip yo nan mitan lòt nasyon kote mwen te gaye yo a, 14m'ap mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te soti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb. 15Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen ankenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse ankenn lòt nasyon fè volonte li. 16Pèp Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l' te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt la. 17Nan premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 18-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la. 19Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa l'a peye sòlda li yo. 20Wi, pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l' kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. 21Lè sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizay lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

¿Sabías que…?
Profecías contra Egipto y el Faraón
- La expresión "desde Migdol hasta Sevene" abarcaba toda la extensión geográfica de Egipto, desde la ciudad fortificada de Migdol en el noreste hasta Sevene (la actual Asuán) en la frontera sur junto a Cus.Fuentes: Migdol · Syene · Cush · el propio texto bíblico
- El capítulo menciona el prolongado esfuerzo militar llevado a cabo por Nabucodonosor, rey de Babilonia, contra la ciudad de Tiro, profetizando que su ejército tomaría las riquezas de Egipto como recompensa por su labor.Fuentes: Nebuchadnezzar · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 3, 6, 8, 9, 10, 12, 13, 14, 15, 16, 19, 20
- Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 3, 4, 5, 9, 10
- Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 10
- Syene · Hoy: Aswan · 24.089, 32.900 · versículo 10
- Pathros · Hoy: Upper Egypt · 24.100, 32.700 · versículo 14
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 18, 19
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 18, 20
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org