2 Samuel 9
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan. 2Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sèvi ou. 3Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo. 4Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba. 5Se konsa, David voye chache l'. 6Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l' konsa: -Mefibochèt? Li reponn: -Se mwen menm, monwa. M' la pou m' sèvi ou. 7David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'. 8Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di: -Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen? 9Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'. 10Ou men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sèvi avè ou yo, nou pral travay tè a pou li. W'a pote rekòt la ba li pou rès fanmi l' ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avè m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sèvi l'. 11Ziba reponn li: -M'ap fè tou sa monwa ban m' lòd fè. Se konsa, Mefibochèt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a. 12Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochèt. 13Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l' yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.
¿Sabías que…?
La bondad de David hacia Mefi-boset
- Mefi-boset era hijo de Jonatán y nieto de Saúl. Cuando Saúl y Jonatán murieron en el monte Gilboa, la nodriza de Mefi-boset huyó con prisa llevando al niño de cinco años; ella tropezó, y la caída lo dejó lisiado de ambos pies. Fue llevado a Galaad, donde Maquir hijo de Amiel lo acogió y crio en Lo-debar.Fuentes: Mephibosheth · Machir · el propio texto bíblico
- Motivado por su entrañable amistad con Jonatán, David restituyó todas las tierras ancestrales de Saúl a Mefi-boset y lo invitó a comer continuamente a la mesa real en Jerusalén. Para administrar la propiedad, David asignó a Siba, antiguo siervo de Saúl, junto con sus quince hijos y veinte siervos, para cultivar la tierra para Mefi-boset.Fuentes: Jonathan · Ziba · el propio texto bíblico
- Lo-debar era un poblado en Galaad, situado al norte del río Jaboc, cuyo nombre significa literalmente "sin pasto". Maquir hijo de Amiel, quien dio refugio a Mefi-boset allí, más tarde también brindaría albergue y provisiones esenciales al propio David cuando el rey tuvo que huir.Fuentes: Lo-debar · Machir · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org