2 Samuel 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo. 2Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè. 3Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la. 4David pran mil sètsan (01700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo. 5Moun peyi Siri ki te rete lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (022.000) sòlda. 6Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 7David sezi tout gwo plak pwotèj an fè chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm. 8Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Beta ak lavil Bewotayi, ki te pou Adadezè. 9Lè Tòy, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a, 10li voye pitit li, Joram, al wè David pou di l' bonjou epi pou fè l' konpliman dèske li te bat Adadezè, paske Tòy te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Joram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David. 11Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, 12ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a. 13Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (018.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la. 14Li mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 15David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat. 16Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo. 17Zadòk, pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè. 18Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen ak peletyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te prèt.

¿Sabías que…?
Las Conquistas y la Administración de David
- La expresión Meteg-ama en 2 Samuel 8:1 significa literalmente "el freno de la ciudad madre", un término figurativo para la conquista de una ciudad capital, la cual se identifica como Gat en el pasaje paralelo de 1 Crónicas 18:1.Fuentes: Metheg-ammah · el propio texto bíblico
- Hadad-ezer de Soba gobernaba un reino arameo que se extendía hacia el río Éufrates. La victoria de David sobre él aseguró el dominio sobre Damasco y motivó al rey Toi de Hamat, rival de Hadad-ezer, a enviar a su hijo Joram con tributos de oro, plata y bronce.Fuentes: Zobah · Toi · Joram · el propio texto bíblico
- El capítulo detalla la estructura del gobierno central de David, nombrando a Joab como comandante del ejército, a Josafat como cronista, a Sadoc y Ahimelec como sacerdotes, a Seraías como escriba y a Benaía al mando de los cereteos y peleteos.Fuentes: Joab · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 2, 12
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 3
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 3, 5, 12
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 5
- Aram · 33.511, 36.306 · versículo 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
- Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 9
- Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 12
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 12
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 12, 13, 14
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 12
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org