2 Samuel 10
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li. 2David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon, 3chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou. 4Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen. 5Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò. 6Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo. 7David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo. 8Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki soti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan. 9Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. 10Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. 11Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. 12Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm. 13Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. 14Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm. 15Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo ankò, yo sanble dènye sòlda yo te genyen. 16Adadezè voye yon mesaj bay moun Aram ki rete lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou li. Yo reyini lavil Elam. Se Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo. 17Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li rive Elam. Moun Aram yo pran pozisyon devan li. Epi batay la konmanse. 18Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an. 19Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.

¿Sabías que…?
La guerra contra los amonitas y arameos
- Cuando el rey Janún de Amón sospechó que los emisarios de David eran espías, los humilló rapándoles la mitad de la barba y cortándoles la ropa a la altura de las caderas. Debido a su gran vergüenza, David les ordenó quedarse en Jericó hasta que les creciera la barba de nuevo.Fuentes: el propio texto bíblico · Hanun · Jericho
- Al darse cuenta de que se habían hecho odiosos para David, los amonitas contrataron a miles de soldados mercenarios arameos de reinos vecinos como Bet-rejob, Soba y Maaca para luchar contra Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Zobah · Maacah
- Al verse atrapado entre dos frentes—los amonitas junto a las puertas de la ciudad y los arameos en campo abierto—, Joab dividió las fuerzas de Israel, liderando él mismo las tropas escogidas contra los arameos y dejando el resto a su hermano Abisay.Fuentes: el propio texto bíblico · Joab · Abishai
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3, 6, 8, 10, 11, 14, 19
- Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
- Maacah · 33.258, 35.581 · versículos 6, 8
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 6, 8
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 9, 11, 13, 14, 17, 18, 19
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 16
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 17
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org