Zechariah 12
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l. 2“Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont Juda. 3Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout moun ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. 4Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. 5Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’
6Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.
7SENYÈ a va osi sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. 8Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo. 9Epi nan jou sa a, Mwen va kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.
10Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11Nan jou sa a, va gen gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; 13fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; 14tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.

Did you know?
Deliverance and Mourning in Jerusalem
- The reference to mourning at Hadad-rimmon in the plain of Megiddo recalls the national grief over King Josiah, who was mortally wounded near that location. Megiddo's broad valley was a strategic corridor and a frequent battlefield in ancient times.Sources: Hadad-rimmon · Megiddo · the Bible text itself
- The prophecy lists specific families in separate mourning, including the royal lineages of David and his son Nathan, as well as the priestly house of Levi. This emphasizes that profound grief and personal contemplation would encompass all strata of society, from leaders to individual households.Sources: David · Nathan · Levi (patriarch) · the Bible text itself
- Jerusalem is described through vivid imagery, such as a heavy, immovable stone that injures anyone attempting to lift it, and a cup that intoxicates attacking armies. These metaphors underscore divine defense of the city against invading nations.Sources: Jerusalem · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3, 5, 6, 7, 8, 9, 10, 11
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 11
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org