Nations Bible

Zechariah 13

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou peche ak salte.

2“Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. 4Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5men yon pwofèt va di: ‘Mwen pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ 6Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zanmi mwen yo.’

7“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an,

e kont nonm nan ki byen pre M,”

deklare SENYÈ dèzame yo.

Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;

epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.

8“Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a,

“Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri;

men twazyèm pati a va rete ladan l.

9“Konsa, Mwen va mennen fè pase

twazyèm pati a nan dife.

Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan,

e pase yo a leprèv tankou lò.

Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo.

Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’,

e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Cleansing the Land and Refining the Remnant

  • Zechariah foretells an opened fountain to cleanse the house of David and the inhabitants of Jerusalem from sin and impurity, alongside the complete removal of idols and deceptive spirits from the land.Sources: the Bible text itself · David · Jerusalem
  • The passage describes false prophets becoming so disgraced that they will discard their traditional hairy mantles and claim to be ordinary field laborers to avoid being recognized.Sources: the Bible text itself
  • The chapter depicts a shepherd being struck with a sword and the flock scattering, after which a remaining third of the people is refined through trial like silver and gold.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.