Nations Bible

Zechariah 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Ouvri pòt ou yo, O Liban,

pou dife ka devore bwa sèd ou yo.

2Rele anmwey, O pye siprè a,

paske bwa sèd la fin tonbe,

akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi.

Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo,

paske gran forè a fin tonbe.

3Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo!

Paske glwa gran forè yo fin detwi;

yon vwa jenn lyon k ap gwonde a!

Paske ògèy Jourdain an fin kraze nèt.

4Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a. 5Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo. 6Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”

7Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; sitou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an. 8Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou. 9Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.” 10Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la. 11Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a. 12Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an. 13Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a. 14Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.

15SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann. 16Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo. 17Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”

Did you know?

The Two Staffs and the True Shepherd

  • The opening lament evokes celebrated regions across the region, mourning the destruction of the magnificent cedars of the Lebanon mountain range, the oak forests of Bashan, and the lush thickets along the Jordan River.Sources: the Bible text itself · Lebanon · Bashan · Jordan
  • Zechariah enacts a prophetic sign by shepherding a flock with two symbolic staffs, named Favor and Union. He eventually breaks both staffs to portray the annulment of a covenant with the nations and the fracture of brotherhood between Judah and Israel.Sources: the Bible text itself
  • When the prophet asks for his wages for pasturing the flock, he is weighed thirty pieces of silver. Following the Lord's instruction, he throws this payment to the potter in the house of the Lord.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 1
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verse 2
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 3

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.