Nations Bible

Romans 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? 2Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. 3Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”

5Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)? 6Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond? 7Men si akoz manti pa m verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? 8Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. 9Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10Jan sa ekri a:

“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.

11Pa gen moun ki gen konprann.

Pa gen moun ki chache Bondye.

12Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.

Pa gen moun ki fè sa ki bon;

pa menm yon sèl.

13Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.

Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.

Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.

14Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;

15pye yo kouri rapid pou fè san koule.

16Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;

17epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.

18Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”

19Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.

21Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

27Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.

31Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.

Did you know?

All under Sin, Justified by Faith

  • Romans 3 begins by asking what advantage a Jew has, and what value circumcision has. The reply is that there is much in every way, and first of all that they have been entrusted with the very words of God. The chapter then argues that if some did not have faith, their lack of faith does not nullify God’s faithfulness.Sources: the Bible text itself
  • To support the charge that Jews and Greeks alike are all under sin, the chapter strings together lines introduced by “as it is written”: no one is righteous, no one understands or seeks God, speech is pictured as deceit and venom, feet are swift to shed blood, and there is no fear of God. It says the law speaks to those under the law so that every mouth may be silenced and the whole world held accountable, and that no one is justified by works of the law, because the law brings awareness of sin.Sources: the Bible text itself
  • With the words “But now,” the chapter says that, apart from the law, the righteousness of God has been revealed, as attested by the Law and the Prophets, and that it comes through faith in Jesus Christ to all who believe, with no distinction. All have sinned and fall short of the glory of God, and are justified freely by His grace through the redemption that is in Christ Jesus. Boasting is excluded on the principle of faith, not works; there is one God, who justifies the circumcised by faith and the uncircumcised through that same faith, and the chapter says this faith upholds the law rather than nullifying it.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.