Romans 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman? 2Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye. 3Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
7“Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
8Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
9Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
Did you know?
Abraham's faith credited as righteousness
- Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Abraham as "father of a multitude." This chapter quotes the promise, "I have made you a father of many nations," and calls him the father of all who believe, whether circumcised or not.Sources: Abraham · the Bible text itself
- This chapter stresses that Abraham's faith was credited to him as righteousness before he was circumcised, not afterward. Circumcision is described as a sign and seal of that righteousness, so he is the father both of uncircumcised believers and of circumcised people who follow the same faith.Sources: the Bible text itself
- Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Sarah as "princess" and says it was given when it was announced that she would be the mother of the promised child. This chapter recalls Abraham, about a hundred years old, believing God's promise even though Sarah's womb was lifeless.Sources: Sarah · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org