Romans 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11Paske avèk Bondye pa gen patipri. 12Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
17Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a; 21konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”. 25Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 26Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? 27Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? 28Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

Did you know?
Judgment Without Favoritism
- Romans 2 warns that a person who judges others while doing the same things condemns himself, because God's judgment is based on truth. The chapter says God shows no favoritism: there will be trouble and distress for every human being who does evil, and glory, honor, and peace for everyone who does good, first for the Jew, then for the Greek.Sources: the Bible text itself
- The chapter distinguishes those who sin apart from the law from those who sin under the law: the first will also perish apart from the law, and the second will be judged by the law. It says that not the hearers of the law are righteous before God, but the doers of the law. Gentiles who do not have the law, yet by nature do what it requires, are a law to themselves and show that the work of the law is written on their hearts, while their consciences bear witness and their thoughts accuse or defend them.Sources: the Bible text itself
- Speaking to someone who calls himself a Jew, relies on the law, and is convinced he is a guide and a teacher, the chapter asks whether he teaches himself—whether he steals, commits adultery, or robs temples while condemning those acts. Circumcision has value if the law is observed, but if the law is broken, circumcision has become uncircumcision. A man is a Jew inwardly, and circumcision is a matter of the heart, by the Spirit, not by the written code; his praise comes not from men, but from God.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org