Nations Bible

Proverbs 29

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch

va vin kraze sibitman san remèd.

2Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;

men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.

3Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;

men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.

4Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;

men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.

5Yon nonm ki flate vwazen li

ap ouvri filè pou pla pye li.

6Pa transgresyon yon nonm mechan

vin pran nan pyèj nèt;

men moun dwat la va chante e rejwi.

7Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;

men mechan an pa menm konprann afè sa a.

8Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;

men moun saj yo kalme kòlè.

9Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,

moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.

10Moun k ap vèse san rayi inosan an;

men moun dwat yo pwoteje lavi li.

11Moun san konprann toujou fache;

men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

12Si gouvènè a prete atansyon a manti,

tout minis li yo va vin mechan.

13Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;

se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.

14Si yon wa jije pòv yo ak verite,

twòn li va etabli jis pou tout tan.

15Baton ak repwòch bay sajès;

men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

16Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

men moun dwat yo va wè tonbe yo.

17Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

18Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren;

men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.

19Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;

paske malgre li konprann, li p ap reponn.

20Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?

Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.

21Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,

nan lafen, twouve yon fis.

22Yon nonm an kòlè pwovoke konfli

e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.

23Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

men yon lespri enb va jwenn respè.

24Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;

li pran sèman an men li pa pale anyen.

25Lakrent a lòm mennen yon pèlen;

men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

26Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;

men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.

27Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat,

yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Justice, Governance, and Self-Restraint

  • Proverbs 29 repeatedly links a society's well-being to righteous governance, noting that the people rejoice when the righteous rule but groan under wicked leaders. A king who judges the poor with equity and maintains justice stabilizes the land, while rulers who heed falsehoods corrupt their officials.Sources: the Bible text itself
  • The chapter highlights the importance of moral guidance and discipline, observing that without a vision or revelation, people cast off restraint, whereas keeping the Law brings blessing. This principle of instruction and correction is also applied directly to the household and the raising of children.Sources: the Bible text itself
  • Self-control in speech and emotion is a central theme: while a fool vents all his rage and speaks in haste, a wise person holds back anger. The text warns that pride brings a person low, but a humble spirit attains honor.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.