Nations Bible

Proverbs 28

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;

men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.

2Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;

men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.

3Yon moun pòv ki peze malere

se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.

4Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan;

men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.

5Moun mechan yo pa konprann lajistis;

men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.

6Pi bon se malere ki mache ak ladwati a

pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.

7Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;

men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.

8Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,

ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.

9Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,

menm lapriyè li abominab.

10Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an

va li menm tonbe nan pwòp fòs li;

men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.

11Mesye rich la saj nan pwòp zye l;

men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.

12Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;

men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.

13Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

14A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

15Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,

se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.

16Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;

men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.

17Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun

va yon fijitif jiskaske li mouri.

Pinga pèsòn ba li soutyen.

18Sila ki mache san tò a va delivre;

men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.

19Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;

men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

20Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;

men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

21Montre patipri pa bon,

paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.

22Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès

e li pa konnen kisa k ap rive li.

23Sila ki bay yon moun repwòch

va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.

24Sila ki vòlè papa li oswa manman l

epi di: “Sa pa yon transgresyon”,

se parèy ak yon moun ki detwi.

25Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;

men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

26Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;

men sila ki mache ak sajès la va delivre.

27Sila ki bay a malere a p ap janm manke;

men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

28Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;

men lè yo peri moun dwat yo vin plis.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Justice, Leadership, and Integrity

  • Proverbs 28 connects good governance with societal stability, noting that political rebellion multiplies rulers while a person of understanding maintains order. It compares an oppressive, unprincipled ruler over helpless subjects to predatory beasts like a roaring lion or a charging bear.Sources: the Bible text itself
  • The chapter highlights the vital link between obedience to the law and spiritual life, warning that turning away from the law makes even one's prayers detestable. In contrast, those who keep the law actively resist wrongdoing and preserve moral discernment.Sources: the Bible text itself
  • Several proverbs address economic justice, stating that wealth amassed through exorbitant interest or usury will ultimately pass to someone who shows kindness to the poor. Diligent labor on the land is praised over the pursuit of get-rich-quick fantasies.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.