Proverbs 27
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pa vin ògeye sou bagay demen,
paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
2Kite yon lòt moun ba ou lwanj,
e pa fè ak pwòp bouch ou.
Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,
e pa de pwòp lèv ou.
3Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;
men moun ensanse k ap anmède a
pi lou pase yo tou de.
4Fachez rèd fè move.
Kòlè se yon inondasyon.
Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
5Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
7Moun vant plen rayi siwo myèl;
men pou sila ki grangou,
nenpòt bagay anmè vin dous.
8Tankou yon zwazo ki egare nich li,
se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
9Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
11Sèvi ak sajès, fis mwen,
e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
12Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;
men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
13Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,
e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
14Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,
sa va rekonèt kon madichon pou li.
15Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli
avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
16Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,
oswa sezi lwil ak men dwat li.
17Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
18Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,
e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
19Tankou nan dlo, figi reflete figi,
konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
20Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;
ni zye a lòm pa janm satisfè.
21Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;
konsa, yon nonm rafine pa lwanj ke l resevwa.
22Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,
tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
23Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
24paske richès pa la pou tout tan,
ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
25Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,
e zèb mòn yo fin ranmase.
26Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,
e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
27Lèt kabrit ap kont pou manje ou,
pou manje tout lakay ou,
ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

Did you know?
Friendship, Prudence, and Daily Diligence
- Proverbs 27 places a strong emphasis on authentic relationships, contrasting the deceitful kisses of an enemy with the faithful wounds of a friend. It famously describes constructive interpersonal interaction with the metaphor of iron sharpening iron, while also advising reliance on a nearby neighbor over a distant relative in times of crisis.Sources: the Bible text itself
- The chapter draws on practical illustrations from ancient daily crafts and domestic life, such as refining silver and gold in a crucible and furnace, grinding grain with a mortar and pestle, and observing one's reflection in water.Sources: the Bible text itself
- The closing section outlines the seasonal realities of an agrarian and pastoral economy. It urges careful oversight of flocks and herds, noting that wealth and political crowns are fleeting, while diligent care of livestock and land reliably provides food, goat milk, and wool for the household.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org