Matthew 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
5Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:
‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e
‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen
pou ke Ou pa ta menm frape
pye Ou kont yon wòch’”.
7Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
8Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
10Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
11Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.
12Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée. 13Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernaüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali. 14Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
15“Peyi Zabulon ak peyi Nephtali,
toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an,
Galilée ki pou payen yo”
16“Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè;
e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a,
sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
17Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di: “Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
18Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 19Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
20Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
21Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
22Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
23Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
25Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.

Did you know?
From the Wilderness to the Shores of Galilee
- The tempter in this chapter is called both the devil and Satan, a name meaning "adversary" or "accuser." A Bible dictionary notes that in the New Testament Satan is used interchangeably with the devil, and that he tempted Jesus in the wilderness. After fasting forty days and forty nights, Jesus refused demands to turn stones into bread, to throw himself from the pinnacle of the temple, and to worship Satan in exchange for the kingdoms of the world, answering from Scripture until the devil left and angels ministered to him.Sources: the Bible text itself · Satan
- When Jesus heard that John had been imprisoned, he withdrew to Galilee, left Nazareth, and settled in Capernaum, by the sea in the region of Zebulun and Naphtali, a move that Matthew links to words spoken through the prophet Isaiah. A geographical note explains that Galilee remained long occupied by its earlier inhabitants and so came to be called "Galilee of the Gentiles." Capernaum is not mentioned in the Old Testament; a place entry says that after Jesus was expelled from Nazareth it became his own city.Sources: the Bible text itself · Galilee · Capernaum
- Walking beside the Sea of Galilee—a lake that the Gospel of John also calls the Sea of Tiberias, about twelve and a half miles long—Jesus called two pairs of brothers who worked as fishermen. Simon, called Peter, and Andrew were casting a net; a Bible dictionary notes that Andrew, from Bethsaida, had first been a disciple of John the Baptist, and that the two brothers did not become Jesus' stated attendants until after John's imprisonment. Farther along, James and John, sons of Zebedee, were in a boat with their father mending nets; Jesus called them, and both pairs left their work and followed him.Sources: the Bible text itself · Andrew · James (Son of Zebedee) · Sea of Galilee
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 5, 25
- Galilee · 32.760, 35.527 · verses 12, 13, 15, 23, 25
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 12, 25
- Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 13
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 15, 25
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · verse 18
- Syria · Today: Syria 2 · 33.511, 36.306 · verse 24
- Decapolis · 32.717, 35.800 · verse 25
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org