Matthew 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” 3Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di:
“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,
Prepare chemen Bondye a!
Fè chemen Li yo dwat”!
4Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 10Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife. 12Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

Did you know?
Repentance and Baptism at the Jordan
- Matthew identifies John the Baptist as the one spoken of through the prophet Isaiah: a voice calling in the wilderness, “Prepare the way for the Lord.” Easton's Bible Dictionary (1897) records that John’s mission was the subject of prophecy, citing this passage, Isaiah 40:3, and Malachi 3:1, and that he was of priestly descent—his father Zacharias a priest of the course of Abia, and his mother Elisabeth of the daughters of Aaron. A chronology dates both the beginning of John’s ministry and his baptism of Jesus to AD 26.Sources: the Bible text itself · John the Baptist · John the Baptist Begins Ministry · John Baptizes Jesus
- John came preaching in the wilderness of Judea, and people went out to him from Jerusalem, all Judea, and the whole region around the Jordan, confessing their sins and being baptized in the Jordan River. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that under the Romans, in the time of Christ, Judea denoted the southernmost of the three divisions of Palestine, as distinguished from Galilee and Samaria, and included the territories of Judah, Benjamin, Dan, Simeon, and part of Ephraim. Jesus came from Galilee—called Galil by the Jews—to the Jordan to be baptized by John.Sources: the Bible text itself · Judea · Galilee
- John warned the Pharisees and Sadducees not to rely on the claim, “We have Abraham as our father,” saying that God could raise up children for Abraham from the stones. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Abraham as “father of a multitude” and describes him as the son of Terah, named before his older brothers because he was the heir of the promises.Sources: the Bible text itself · Abraham
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 1, 5
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 5, 6, 13
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org