Nations Bible

Job 7

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè?

Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?

2Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,

tankou jounalye k ap tann kòb li,

3se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,

e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.

4Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’

Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.

5Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.

Po m vin di e li koule pij.

6Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a.

Yo fini sanzespwa.

7Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf;

zye m p ap wè sa ki bon ankò.

8Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.

Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.

9Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.

Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a p ap monte ankò.

10Li p ap retounen ankò lakay li,

ni plas li p ap rekonèt li ankò.

11“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.

Mwen va pale nan doulè lespri m;

mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.

12Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a,

pou Ou te mete gad sou mwen?

13Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo,

sofa m va soulaje plent mwen,’

14answit, Ou fè m krent ak rèv,

e teworize m ak vizyon;

15jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;

pito lanmò olye doulè mwen yo.

16Mwen fin epwize nèt;

mwen p ap viv tout tan.

Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.

17Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li

e pou Ou bay ka li enpòtans,

18pou Ou fè l pase egzamen chak maten e

fè l pase eprèv chak moman?

19Èske Ou p ap janm sispann gade m,

ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?

20Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,

Ou menm, ki gadyen lòm?

Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou

jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?

21Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo,

e retire inikite mwen yo?

Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;

Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Job's Lament over Human Frailty and Suffering

  • Job compares human existence to the grueling life of a hired laborer longing for evening shade and wages, illustrating the rapid passage of fleeting time with the image of a weaver's shuttle moving back and forth.Sources: the Bible text itself
  • In his lament, Job depicts Sheol as a shadowy destination from which a person never returns to earthly life, comparing human disappearance to a cloud that dissipates into nothing.Sources: the Bible text itself
  • Job questions why God subjects him to ceaseless surveillance, asking if he is as dangerous as the chaotic sea or a monster of the deep that must be placed under perpetual guard.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.