Job 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi Job te reponn:
2“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo.
Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m;
lespri m ap bwè pwazon.
Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
5Èske bourik mawon ranni sou zèb li,
oswa bèf rele sou manje li?
6Èske bagay san gou kapab manje san sèl,
oswa èske pati blan nan ze poul la gen gou?
7Nanm mwen p ap touche yo.
Yo tankou manje abominab pou mwen.
8“O ke sa m mande ta kab rive,
e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt,
ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;
wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,
pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tann?
Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12Èske fòs mwen tankou wòch,
o èske chè m kon bwonz?
13Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m,
ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17Nan sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
19Karavàn Théma yo te vin veye;
vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20Yo te desi paske yo te mete konfyans;
yo te vini la, e te etone.
21Anverite, koulye a se konsa ou ye;
ou wè laperèz e ou vin pè.
22Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?
Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?
Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24“Enstwi mwen e mwen va pe la!
Montre mwen kote mwen gen tò.
25Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!
Men kisa diskou ou a pwouve?
26Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,
lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo
e fè twòk pou zanmi ou.
28Alò, souple, gade mwen e wè si se
manti m ap fè nan figi ou.
29Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.
Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
30Èske gen enjistis sou lang mwen?
Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”

Did you know?
Job's Anguish and Unreliable Friends
- Job compares his unsupportive companions to seasonal desert streams that overflow with melted ice and snow during cold weather, but completely vanish during the heat of the dry season when water is needed most.Sources: the Bible text itself
- The passage references merchant caravans from Tema in northern Arabia and travelers from Sheba in southern Arabia. Job describes these desert traders searching hopefully for water in seasonal streambeds, only to suffer bitter disappointment when the channels are dry.Sources: the Bible text itself · Tema · Sheba
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org