Nations Bible

John 20

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan. 2E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”

3Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.

4Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan. 5Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.

6Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a, 7men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.

8Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè. 9Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.

10Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.

11Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. 12E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.

13Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.” 14Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus te kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.

15Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”

16Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”

17Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”

18Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.

19Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.” 20E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.

21Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”

22E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.

23“Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”

24Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

26Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”

27Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

28Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

29Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

30Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Seeing the risen Jesus

  • Mary Magdalene’s name comes from Magdala, the place of her birth, and was used to distinguish her from the other Marys in the Gospels. Easton's Bible Dictionary (1897) treats as mistaken the common idea that she was the woman called “a sinner” in Luke 7. In this chapter she finds the stone removed, later meets Jesus, and tells the disciples, “I have seen the Lord!”Sources: Mary Magdalene · the Bible text itself
  • Thomas, one of the Twelve, was also called Didymus, the Greek equivalent of his Hebrew name, meaning “twin.” Easton's Bible Dictionary (1897) says that all we know of him is recorded in the Gospel of John. He was absent when Jesus first appeared to the disciples; he said he would not believe unless he saw the nail marks in Jesus’ hands and put his hand into his side, and eight days later he answered, “My Lord and my God!”Sources: Thomas · the Bible text itself
  • When Mary recognized Jesus, she turned and addressed him in Hebrew as “Rabboni,” which the Gospel explains means “Teacher.” At first she had mistaken him for the gardener. That evening the disciples were together with the doors locked for fear of the Jews, when Jesus stood among them and said, “Peace be with you!”Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.