John 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
2Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
3Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”
Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
4Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.
5Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?”
Yo te reponn Li: “Non”.
6E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”
Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
7Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”
Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
8Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.”
Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
13Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”
Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”
17Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
19Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”
23Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

Did you know?
Breakfast by the Sea of Tiberias
- Among those gathered by the Sea of Tiberias were Thomas, also called Didymus—the Greek equivalent of his Hebrew name, meaning “twin”—and Nathanael of Cana in Galilee, whose name means “gift of God.” Nathanael is named only in the Gospel of John, which never lists Bartholomew, and the two have been identified with each other. Also present were the sons of Zebedee, James and John, whose father was a Galilean fisherman with two boats and hired servants.Sources: the Bible text itself · Thomas · Nathanael · Zebedee
- Simon Peter, who invites the others to go fishing, had been trained to that work. Three times Jesus addresses him as “Simon son of John.” Easton's Bible Dictionary (1897) says the father’s name should be read “John,” as in the Revised Version, rather than “Jonas.”Sources: the Bible text itself · Simon Peter · Jonas
- Cana, a town of Galilee near Capernaum and Nathanael’s birthplace, is not mentioned in the Old Testament. Some have identified it with Kana el-Jelil, eight or nine miles north of Nazareth; others with Kefr Kenna, about five miles northeast of Nazareth and twelve miles in a direct line from Tiberias. Nathanael was among those to whom Jesus showed himself alive after the resurrection at the Sea of Tiberias, and the chapter calls this the third such appearance to the disciples.Sources: the Bible text itself · Cana · Nathanael
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org