John 19
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt. 2Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov. 3Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.
4Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
5Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
6Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!”
Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
7Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
8Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis. 9Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?”
Men Jésus pa t reponn li.
10Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
11Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
12Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
13Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha. 14Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la.
Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
15Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!”
Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?”
Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
16Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
17Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha. 18La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
19Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
20Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Laten ak Grèk.
21Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
22Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri l nèt”.
23Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl mòso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
24Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:
“Yo te divize vètman Mwen yo pami yo,
e pou rad Mwen yo tire osò.”
Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
25Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.
26Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
27Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.
28Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
29Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
30Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Sa fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
31Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
32Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te krisifye avèk li a. 33Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo. 34Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.
35E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè. 36Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”
37E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
38Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
39Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
40Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
41Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze. 42Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.

Did you know?
Judgment, Cross, and Burial
- Pontius Pilate, the sixth Roman procurator of Judea (A.D. 26-36), was based at Caesarea but often went up to Jerusalem. Roman governors customarily set their tribunals in the open; John places Pilate’s judgment seat at the Stone Pavement, called Gabbatha in Hebrew, a mosaic of colored stones outside the praetorium, explained as the paved temple mound where the fortress of Antonia stood.Sources: Pontius Pilate · Pavement · Gabbatha · the Bible text itself
- The evangelists interpret Golgotha as “the place of a skull”: the name transcribes Aramaic Gulgaltha, Hebrew gulgoleth, “a skull,” and is the same place called Calvary, described as a small knoll rounded like a bare skull, outside the gate and near the city. Because it was so near, many Jews could read Pilate’s notice, written in Hebrew, Latin, and Greek, naming Jesus of Nazareth—the town where Joseph and Mary had lived—as King of the Jews.Sources: Golgotha · Nazareth · the Bible text itself
- Joseph of Arimathea, a wealthy member of the Sanhedrin from Arimathea—probably Old Testament Ramah, though others identify it with Ramleh or with Rama in Benjamin—asked Pilate for the body, and Pilate agreed after the centurion confirmed that Jesus was dead. Nicodemus, a Pharisee of that council who had once visited Jesus at night, brought about seventy-five pounds of myrrh and aloes; they wrapped the body in linen with the spices, in the Jewish way, and laid it in a new garden tomb nearby, since it was the day of Preparation and the next day a high Sabbath.Sources: Joseph (of Arimathea) · Nicodemus · Arimathea · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org