Nations Bible

John 18

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.

2Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo. 3Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.

4Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”

5Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”

Li te di yo: “Mwen menm se Li”.

Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo. 6Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.

7Ankò konsa, Li te mande yo: “ Kilès n ap chache?”

E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”

8Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”

9Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”

10Konsa, Simon Pierre ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.

11Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”

12Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li. 13Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. 14Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.

15Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip.

Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la, 16Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.

17Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?”

Li te di: “Se pa Mwen.”

18Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.

19Konsa, wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.

20Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè. 21Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”

22Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”

23Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”

24Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.

25Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”

26Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”

27Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.

28Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.

29Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”

30Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”

31Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”

32Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.

33Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”

34Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”

35Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”

36Jésus te reponn: “ Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”

37Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”

“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”

38Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a. 39Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”

40Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Arrest and the Trials

  • Jesus went out with his disciples across the Kidron Valley and entered a garden that Judas, his betrayer, already knew, because Jesus had often met the disciples there. Easton's Bible Dictionary (1897) calls the Kidron “the black torrent,” the brook flowing through the ravine below Jerusalem’s eastern wall.Sources: the Bible text itself · Brook Kidron
  • The soldiers and officers brought Jesus first to Annas, father-in-law of Caiaphas, the high priest that year, and Annas then sent him, still bound, to Caiaphas. Easton's Bible Dictionary (1897) says Annas had been high priest from A.D. 7 to 14 and was deposed by the Roman procurator, yet, because Mosaic law held the office for life, the Jews may still have regarded him as legally high priest. The same dictionary identifies Caiaphas as a Sadducee who served throughout Pilate’s administration and who had advised that it would be better if one man died for the people.Sources: the Bible text itself · Annas · Caiaphas
  • Pontius Pilate, the sixth Roman procurator of Judea (A.D. 26–36), kept headquarters at Caesarea but often went up to Jerusalem; that early morning he came out of the Praetorium because the Jews would not enter and risk being defiled, unable to eat the Passover. He offered to release one prisoner at the Passover, calling it their custom, but they demanded Barabbas. This chapter calls Barabbas an insurrectionist, while Easton's Bible Dictionary (1897) calls him a notorious robber and explains the name as “son of Abba” or “son of a father.”Sources: the Bible text itself · Pontius Pilate · Barabbas

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Kidron · Today: Kidron River · 31.780, 35.240 · verse 1
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verses 5, 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.