Nations Bible

Jeremiah 31

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”

2Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”

3SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:

“Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.

Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.

4Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou,

e ou va vin rebati, O vyèj Israël la!

Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo.

Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.

5Yon lòt fwa, ou va plante chan rezen yo sou kolin Samarie yo.

Plantè yo va plante e yo va kontan ak fwi li.

6Paske jou a va rive lè gadyen

sou kolin Éphraïm yo va kriye fò:

‘Annou leve! Annou monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”

7Paske konsa pale SENYÈ a:

“Chante anlè ak kè kontan pou Jacob,

e kriye fò pami chèf nasyon yo.

Pwoklame, bay lwanj epi di:

‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’

8Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a,

e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a.

Pami yo, avèg ak bwate yo,

fanm lan ak pitit li,

ak sila ki gen doulè tranche ansanm.

Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.

9Ak dlo nan zye, yo va vini.

Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo;

Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo,

sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a;

paske Mwen se yon Papa pou Israël.

Éphraïm se premye ne Mwen.”

10“Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo!

E deklare nan peyi kot byen lwen yo,

epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li,

e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’

11Paske SENYÈ a te rachte Jacob.

Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.

12Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo,

e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a,

sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil

e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a.

Nanm yo va tankou yon jaden wouze.

Yo p ap janm soufri tristès ankò.

13Epi vyèj la va rejwi nan dans lan,

ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo;

paske Mwen va fè tristès yo vin tounen lajwa.

Mwen va rekonfòte yo,

e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.

14Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans,

e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.

15Konsa pale SENYÈ a,

“Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo

ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo.

Rachel ap kriye pou pitit li yo.

Li refize rekonfòte pou pitit li yo,

akoz yo pa la ankò.”

16Konsa pale SENYÈ a:

“Anpeche vwa ou k ap kriye,

ak zye ou ap fè dlo;

paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a:

“Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.

17Gen espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a:

“Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.

18“Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè:

‘Ou te fè m sibi chatiman.

Mwen te sibi chatiman

tankou yon jenn bèf ki poko fin donte.

Mennen m pou m ka restore,

paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.

19Paske lè m te retounen, mwen te repanti.

Epi apre mwen te enstwi.

Mwen te frape pwòp kwis mwen.

Mwen te vin wont e twouble menm;

paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’

20Èske Éphraïm se fis Mwen?

Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi?

Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou;

konsa kè M gen gwo dezi pou li.

Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.

21“Plase pou ou menm ransèyman chemen yo;

mete pou kont ou poto k ap dirije.

Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an,

wout sou sila ou te ale a.

Retounen, O vyèj Israël;

retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.

22Pou konbyen de tan ou va fè ale retou,

O fi ki enfidèl?

Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè:

yon fanm va antoure yon nonm.”

23Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’ 24Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo. 25Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”

26Nan moman sa a, mwen te reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.

27“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. 28Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a. 29“Nan jou sa yo, yo p ap di ankò:

‘Papa yo te manje rezen si,

e dan timoun yo vin kanpe apik.’

30Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.

31“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:

“Mwen va mete lalwa M anndan yo

e sou kè yo Mwen va ekri l;

epi Mwen va Bondye yo,

e yo va pèp Mwen.

34“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,

e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’

paske yo tout va konnen Mwen,

soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”

deklare SENYÈ a,

“paske Mwen va padone inikite yo,

e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”

35SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen

e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,

ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—

SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:

36“Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a:

“Alò desandan Israël yo osi va sispann

kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”

37Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire,

e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba;

alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt

pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.

38“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an. 39Konsa lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath. 40“Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”

Did you know?

Restoration and the New Covenant

  • In Jeremiah 31:15, Rachel, the ancestral mother of Joseph and Benjamin whose tomb is near Bethlehem, is portrayed as weeping in Ramah for her lost children. Ramah was a city in Benjamin where captives of Jerusalem, including Jeremiah himself, were later assembled following the Babylonian conquest.Sources: the Bible text itself · Rachel · Ramah
  • Although Ephraim was Joseph's younger son, he received the preeminent right-hand blessing from his grandfather Jacob. In this chapter, God tenderly refers to Ephraim as his firstborn and a delightful child, promising mercy and return to the scattered people.Sources: the Bible text itself · Ephraim · Jacob (Israel)
  • This chapter introduces the promise of a new covenant, contrasting it with the covenant made when God led their ancestors out of Egypt. Instead of outward instruction alone, this covenant describes God placing his law directly into their minds and inscribing it upon their hearts.Sources: the Bible text itself · Egypt

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Samaria · 32.276, 35.195 · verse 5
  • Mount Ephraim · 31.923, 35.241 · verse 6
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 6, 12
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 23, 38
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 32
  • Corner Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 38
  • Tower of Hananel · Today: Antonia Fortress · 31.780, 35.234 · verse 38
  • Gareb · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
  • Goah · Today: within 8 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
  • Horse Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 40
  • Kidron · Today: Kidron River · 31.780, 35.240 · verse 40

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.