Nations Bible

Jeremiah 32

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar. 2Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.

3Akoz Sédécias, wa Juda a te mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l; 4epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan men wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye. 5Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou p ap reyisi.”’”

6Jérémie te reponn: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 7Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen dwa redanmsyon pou achte l.’”

8“Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’

“Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a. 9Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te peze ajan bay pou li, disèt sik ajan. 10Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay. 11Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri. 12Epi mwen te bay papye vant lan bay Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan, e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.

13“Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo, e mwen te di: 14Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’ 15Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’

16“Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te priye a SENYÈ a, e te di:

17‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li. 19Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li; 20ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a. 21Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz. 22Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl. 23Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.

24“Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l. 25Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan; rele temwen yo’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.”

26Konsa, pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie. Li te di: 27“Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen? 28Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l. 29Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”

30“Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a. 31“Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe retire devan figi Mwen, 32akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—yo menm, wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo, ak tout moun ki rete Jérusalem yo. 33Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an. 34Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l. 35Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”

36Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.” 37“Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè. 38Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; 39Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo. 40Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen. 41Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”

42Paske SENYÈ a di, “Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo. 43Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’ 44Mesye yo va achte chan yo pou lajan, siyen, mete so sou papye tè yo, e rele temwen nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo, ak nan vil dezè yo; paske Mwen va ranvèse kaptivite yo,” deklare SENYÈ a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Purchase of Land During the Siege of Jerusalem

  • The events of this chapter took place during the Babylonian siege of Jerusalem in the tenth year of King Zedekiah. Jeremiah had been confined by the king to the courtyard of the royal guard because he prophesied that the city would fall to King Nebuchadnezzar and that Zedekiah would be taken to Babylon.Sources: the Bible text itself · Zedekiah · Nebuchadnezzar
  • While still confined, Jeremiah exercised his family right of redemption to purchase a field in his hometown of Anathoth from his cousin Hanamel for seventeen shekels of silver. Following ancient legal practices, Jeremiah signed sealed and open deeds before witnesses and entrusted them to his scribe Baruch to be preserved in a clay jar.Sources: the Bible text itself · Hanameel · Baruch · Anathoth
  • The purchase served as a prophetic sign during a desperate military crisis. Although the city was facing imminent destruction and exile because of its idolatry, God assured Jeremiah that fields, houses, and vineyards would once again be bought and sold in the land.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 2, 3, 4, 5, 28, 36
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 32, 44
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 4, 5, 24, 25, 28, 29, 43
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 20, 21
  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 35
  • Negeb · 31.245, 34.841 · verse 44
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · verse 44

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.