Nations Bible

Jeremiah 30

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. 3Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”

4Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: 5Paske konsa pale SENYÈ a:

“Mwen te tande son a yon gwo laperèz,

a yon gwo krent;

pa gen lapè.

6Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.

Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,

konsi se fanm k ap fè pitit?

Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?

7Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.

Li se lè a gwo doulè Jacob la;

men li va sove de li.

8“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:

ke Mwen va kraze jouk li a soti sou kou nou.

Mwen va chire kòd yo,

e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.

9Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a

e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.

10Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:

“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;

paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen

e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen,

Li va kalm, alèz,

e nanpwen moun k ap fè l pè.

11Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;

paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,

sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.

Men m ap fè ou korije fil a mezi;

Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

12Paske konsa pale SENYÈ a:

“Blesi ou yo pa kab geri,

e kondisyon ou byen grav.

13Nanpwen moun ki pou plede koz ou;

pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.

14Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,

yo pa chache ou;

paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,

ak pinisyon a yon moun ki mechan,

akoz inikite ou gran e peche ou anpil.

15Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?

Doulè ou a pa gen gerizon.

Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,

Mwen te fè ou sa a.

16Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore;

epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.

Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,

e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,

va vin viktim yo menm.

17Paske M ap fè ou reprann lasante,

e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”

18Konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,

e gen konpasyon pou lakay li yo;

vil la va rebati sou ranblè li yo

e palè a va kanpe nan pwòp plas li.

19Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.

Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;

anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;

20Pitit pa yo tou va tankou oparavan,

e kongregasyon yo va etabli devan M.

Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.

21Chèf pa yo va youn nan yo,

e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.

Mwen va mennen li toupre,

e li va vin toupre Mwen;

paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.

22“Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”

23Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,

yon tanpèt k ap ravaje;

li va eklate sou tèt a mechan yo.

24Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,

jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.

Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

Did you know?

The Promise of Restoration and Healing

  • God specifically instructs Jeremiah to record these messages in a book, formally announcing that both Israel and Judah will one day return from captivity to inhabit the land given to their ancestors.Sources: the Bible text itself · Jeremiah
  • The chapter depicts men gripping their stomachs like women in labor to convey acute distress, yet promises that God will shatter their yoke and raise up David their king to rule over them.Sources: the Bible text itself · David
  • Although Zion was mocked as an outcast with an incurable wound, the prophecy assures that the city will be rebuilt on its ruins and governed by a native ruler who will draw near to God.Sources: the Bible text itself · Zion

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 12, 17
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 18

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.