Isaiah 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan), 2Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.
3Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz. 4Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”
5Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di: 6“Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a; 7alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo. 8Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!
9“Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt. 10Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”
11Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di: 12“Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. 13Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone. 14Li va devni yon sanktyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo. 15Se anpil moun k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.”
16Mare akò a. Sele lalwa pami disip mwen yo. 17Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans. 18Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.
19Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini. 21Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.

Did you know?
The Impending Flood and the Trustworthy Sign
- The name Maher-shalal-hash-baz means "plunder speedeth; spoil hasteth." Isaiah was instructed to record this name publicly before reliable witnesses—Uriah the priest and Zechariah—and then give it to his newborn son, signifying that Damascus and Samaria would soon be plundered by the king of Assyria.Sources: the Bible text itself · Maher-shalal-hash-baz · Urijah
- The passage contrasts the gently flowing waters of Shiloah in Jerusalem with the raging floodwaters of the Euphrates River. Because the people rejected calm trust, the imagery depicts the invading king of Assyria sweeping across the land like a catastrophic deluge reaching up to the neck.Sources: the Bible text itself · Shiloah · River · Assyria
- Isaiah presents himself and his children as living signs and symbols given by the Lord to Israel. In a time of national crisis, he warns the people not to consult mediums and spiritists who whisper and mutter, insisting that they must seek God and His testimony instead.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Assyria · 36.359, 43.153 · verses 4, 7
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 4
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 4
- Shiloah · Today: Pool of Siloam · 31.771, 35.235 · verse 6
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org