Isaiah 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l. 2Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
3Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. 4Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. 5Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: 6Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” 7Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” 8Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), 9Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”
10SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11“Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
12Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
13Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou? 14Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel. 15Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
18Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
20Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
21Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton. 22Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.
23Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

Did you know?
The Sign of Immanuel and the Threat to Judah
- During the reign of King Ahaz of Judah, King Rezin of Aram (Syria) and King Pekah of Israel formed an alliance to besiege Jerusalem and install a puppet ruler. Isaiah urged Ahaz not to fear them, describing the two hostile kings as mere smoldering stubs of firewood.Sources: the Bible text itself · Ahaz · Rezin · Pekah
- Isaiah and his son Shear-jashub were directed to meet Ahaz near the aqueduct of the upper pool on the road to the Launderer's Field. Located west of Jerusalem, this open area was used by workers to wash and dry cloth outside the city walls.Sources: the Bible text itself · Field · Isaiah
- Although Ahaz sought military assistance from Assyria against his northern neighbors, Isaiah warned that relying on foreign empires would ultimately bring Assyrian devastation upon the land of Judah.Sources: the Bible text itself · Ahaz
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 6
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 1, 2, 4, 5, 8
- Upper Pool · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 3
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 8
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 9
- Assyria · 36.359, 43.153 · verses 17, 18, 20
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 18
- Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verse 18
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 20
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org