Isaiah 65
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Mwen te chache pa sila
ki pa t mande pou Mwen yo;
Mwen te twouve pa sila
ki pa t chache M.
Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’
a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
2Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,
ki mache nan chemen ki pa bon,
k ap swiv pwòp panse pa yo,
3Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M,
k ap ofri sakrifis nan jaden yo
e k ap brile lansan sou brik yo;
4ki chita nan mitan tonm yo
e ki pase nwit lan kote kache yo;
ki manje chè kochon,
ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
5Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;
mwen pi sen pase ou’!
Sila yo se lafimen nan nen Mwen,
yon dife ki brile tout lajounen.
6“Gade byen, li ekri devan Mwen:
Mwen p ap rete an silans,
men Mwen va bay rekonpans;
Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
7ni pou pwòp inikite pa yo
ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a.
“Akoz yo te brile lansan sou mòn yo
e te moke M sou kolin yo;
pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè,
jis rive nan lestonmak yo.”
8Konsa pale SENYÈ a;
“Menm jan diven tounèf twouve nan yon grap rezen,
e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’:
konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo,
pou M pa detwi yo tout.
9Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo
e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda.
Menm chwazi pa M yo va eritye l
e sèvitè Mwen yo va demere la.
10Saron va yon peyi ki fè patiraj
pou bann mouton yo,
e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze,
pou pèp Mwen ki chache Mwen an.
11“Men nou menm ki abandone SENYÈ a,
ki bliye mòn sen Mwen an,
ki ranje yon tab pou Gran Chans,
ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
12Mwen va ranje desten nou ak nepe,
e nou tout va bese devan masak la.
Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn;
Mwen te pale, men nou pa t tande.
Epi nou te fè mal devan zye M,
e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
13Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje,
men nou va rete grangou.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè,
men nou va rete swaf.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi,
men nou va twouve gwo wont.
14Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan,
men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè,
e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
15Ou va kite non nou kon yon malediksyon
a moun chwazi pa Mwen yo,
e Senyè BONDYE a va touye nou.
Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
16Paske sila ki beni sou tè a,
va beni pa Bondye verite a;
epi sila ki sèmante nan tout tè a,
va sèmante pa Bondye verite a;
paske ansyen twoub yo fin bliye
e paske yo kache devan zye M.”
17Paske gade byen,
Mwen va kreye yon syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
18Men fè kè kontan e rejwi nou
jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;
paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,
e pèp li a pou kè kontan.
19Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem.
Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an.
Epi p ap tande ankò nan li
vwa kriye ak son moun k ap kriye.
20“P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou,
ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo;
paske jenn yo va mouri nan laj santan
e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
21Yo va bati kay yo pou yo viv ladann;
anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
22Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann,
yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje.
Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa
jou a pèp Mwen an va ye,
e moun chwazi pa M yo va gen tan
rejwi nan pwòp zèv men yo.
23Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè;
paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a,
e anplis, desandan yo, menm jan.
24Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;
epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
25Lou ak ti mouton va manje ansanm.
Lyon an va manje pay kon bèf.
Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.
Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,”
di SENYÈ a.

Did you know?
Judgment, Renewal, and New Creation
- The prophecy mentions Sharon, a fertile plain between the Mediterranean Sea and the hills west of Jerusalem, alongside the Valley of Achor near Jericho. Named after the trouble caused by Achan, the Valley of Achor was proverbial for calamity, but Isaiah foretells that it will become a peaceful resting place for herds.Sources: the Bible text itself · Saron · Valley of Achor
- The chapter rebukes those who abandoned God to engage in illicit cultic practices, such as offering sacrifices in gardens, sitting among graves, eating pork, and spreading ritual tables of food and mixed wine for Fortune and Destiny.Sources: the Bible text itself
- Isaiah foretells the creation of new heavens and a new earth, where Jerusalem is transformed into a place of joy without weeping. The passage describes a secure future where people build houses they actually inhabit, plant vineyards to enjoy their fruit, and live out full lifespans compared to the longevity of trees.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org