Isaiah 64
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1O ke Ou ta chire syèl yo,
ke Ou ta desann,
ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—
2tankou dife anflame touf bwa chan an,
tankou dife fè dlo bouyi.
Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo,
pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
3Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo;
Ou te desann.
Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
4Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zòrèy,
ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou,
k ap aji pou sila k ap tann Li an.
5Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat,
ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo.
Gade byen, Ou te fache paske nou te peche,
nou te kontinye nan peche pandan anpil tan.
Èske nou va sove?
6Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.
Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
7Nanpwen moun ki rele non Ou,
ki leve pou atache a Ou menm;
paske Ou te kache figi Ou a nou menm
e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
8Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
nou se ajil la e se Ou ki mèt kanari a;
nou tout se zèv men Ou yo.
9Pa vin fache depase, O SENYÈ,
ni sonje inikite nou yo pou tout tan.
Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
10Vil sen Ou yo te vin yon dezè;
Sion te vin yon dezè,
Jérusalem yon kote dezole.
11Bèl kay sen nou an,
kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo,
te brile ak dife;
epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
12Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ?
Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?

Did you know?
A Prayer for Mercy Amid Ruin
- The passage opens with a plea for God to rend the heavens and descend with world-shaking power, like fire that kindles brushwood. Yet it contrasts this desire for divine presence with a confession of human unworthiness, comparing people to withering leaves swept away by their own iniquities.Sources: the Bible text itself
- In Isaiah 64, the community appeals to God as a Father and craftsman, declaring, "we are the clay, and You are the potter." This imagery emphasizes human frailty and total dependence on God, pleading for divine mercy despite their acknowledged guilt.Sources: the Bible text itself
- The chapter laments the destruction of sacred spaces, describing Zion and Jerusalem as desolate wastelands. It specifically mourns the burning and ruin of the holy temple where past generations had offered praise.Sources: the Bible text itself · Zion · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org