Isaiah 22
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi konsènan vale a vizyon an.
Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo? 2Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la. 3Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen. 4Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
5Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan. 6Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a. 7Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la. 8Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo. 9Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a. 10Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la. 11Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
12Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. 13Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.” 14Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zòrèy mwen yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo. 15Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a. 16‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?” 17Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di, 18epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a. 19M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
20Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a, 21Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a. 22Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li. 23Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l. 24Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal. 25“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”

Did you know?
The Valley of Vision and the Palace Stewards
- Facing impending siege, the people of Jerusalem inspected armaments in the House of the Forest, channeled water from the lower pool into reservoirs, and tore down residential houses to reinforce breaches in the walls of the City of David.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
- Shebna, the steward over the royal palace, was rebuked for carving an elaborate tomb for himself in the rock. God declared that Shebna would be ousted and replaced by Eliakim son of Hilkiah, who would receive the robe of office and the key to the house of David.Sources: the Bible text itself · Shebna · Eliakim
- The invading army arrayed against the Valley of Vision included archers from Elam, a highland territory east of Babylonia, alongside warriors from Kir bearing shields.Sources: the Bible text itself · Elam · Kir
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 5, 10, 21
- Elam · 32.189, 48.258 · verse 6
- House of the Forest of Lebanon · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 8
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 9
- Lower Pool · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 9
- Old Pool · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org