Isaiah 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi konsènan dezè lanmè a.
Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonan. 2Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. 3Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. 4Panse mwen ap vire tounen. Gwo laperèz plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin fè m tranble. 5Yo prepare tab la, yo plase gadyen an, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! 6Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a. 7Lè l wè sila ki monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” 8Gadyen an rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou a! Nan lannwit sou pòs gad la! 9Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”
10O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. 11Pwofesi konsènan Edom an.
Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” 12Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
13Pwofesi konsènan Arabie a.
Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo. 14Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. 15Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. 16Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Kédar va fini; 17epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan an, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”

Did you know?
Visions of Babylon and the Desert Nations
- Isaiah 21 begins with an ominous vision calling upon Elam and Media to attack, culminating in the declaration that Babylon has fallen and its carved images are shattered. Elam and Media were mountainous regions situated to the east of Babylonia.Sources: the Bible text itself · Elam · Media
- The oracle against Arabia mentions Kedar, a name associated with nomadic Arabian tribes dwelling in northwest Arabia. The prophecy depicts desert caravans fleeing from war and warns that Kedar's renowned archers and warriors will dwindle within a single year.Sources: the Bible text itself · Kedar · Kedar
- The chapter is framed by the motif of a vigilant lookout standing on a watchtower day and night. This sentry watches for approaching riders and responds to anxious questions calling out from Seir about how much of the night remains.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 2, 9
- Negeb · 31.245, 34.841 · verse 1
- Elam · 32.189, 48.258 · verse 2
- Media · 34.806, 48.516 · verse 2
- Arabia · Today: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · verse 13
- Tema · Today: Tayma · 27.630, 38.552 · verse 14
- Kedar · 29.811, 39.868 · verses 16, 17
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org