Isaiah 23
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi konsènan Tyr a.
Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. 2Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. 3Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. 4Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.” 5Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. 6Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! 7Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwayaj yo?
8Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? 9SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo. 10Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. 11Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo. 12Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon an! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
13Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze. 14Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! 15Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. 16Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. 17Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. 18Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.

Did you know?
The Oracle Concerning Tyre and Sidon
- Tyre and its older neighbor Sidon were leading Phoenician port cities on the Mediterranean coast. Renowned for their vast trading network, Phoenician merchants sailed across the sea and founded colonies throughout the Mediterranean basin, reaching as far west as Tarshish in Spain.Sources: Tyre · Sidon · Tarshish · the Bible text itself
- In ancient Hebrew geographical usage, Cyprus was known as Kittim. Located about sixty miles off the Syrian coast, the island was an early Phoenician trading post and a vital transit point where sailors received news before reaching mainland ports.Sources: Cyprus · the Bible text itself
- The name Shihor in this chapter refers to the river Nile. Phoenician traders transported the agricultural surplus of Egypt across the sea, making Egyptian grain a major source of commercial wealth for the warehouses of Tyre.Sources: Nile · Shihor · Tyre · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Cyprus · 35.000, 33.000 · verses 1, 12
- Tyre · 33.271, 35.196 · verses 1, 3, 4, 5, 8, 10, 15, 17
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verses 2, 4, 12
- Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verses 3, 10
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 5
- Canaan · 32.767, 35.333 · verse 11
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 13
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 13
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org