Ezekiel 27
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2“Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr. 3Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:
“O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
4Lizyè ou nan kè lanmè yo.
Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
5Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo.
Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
6Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo.
Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè
ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
7Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte,
ki te sèvi kon mak drapo ou.
Anba pwotèj solay byen kolore an ble e mov,
ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,
8mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo.
Mesye saj ou yo, O Tyr, te nan ou.
Se yo ki te pilòt yo.
9Ansyen a Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou,
pou repare kote ki ouvri yo.
Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou
okipe machandiz ou yo.
10“‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou,
mesye lagè ou yo.
Yo te pann boukliye ak kas nan ou.
Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
11Fis a Avad yo ak lame ou a
te sou miray ou yo,
e gèrye yo te pann boukliye yo
sou miray ou yo toupatou.
Yo te vin pèfeksyone bèlte ou a.
12“‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
13“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
14“‘“Sila nan Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
15“‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
16“‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
17“‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
18“‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
19“‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
20“‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
21“‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
22“‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
23“‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” 24Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
25“‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.
Epi ou te vin ranpli,
te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
26Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo.
Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
27Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo,
maren ak pilòt ou yo,
Gwo bòs pou ranje bato yo,
vandè ki fè komès machandiz,
Ak tout mesye lagè ki nan ou yo,
ak tout twoup ki pami ou a,
va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou
boulvèsman ou an.
28Nan son kri a pilòt ou yo,
tè patiraj yo va souke.
29Tout moun ki konn manyen zaviwon,
mesye maren ak tout pilòt lanmè yo
va desann kite bato yo.
Yo va kanpe atè,
30epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou,
e yo va kriye anmè.
Yo va jete pousyè sou tèt yo.
Yo va vire tounen nan mitan sann yo.
31Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou,
e mare senti yo ak twal sak.
Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo,
ak yon plenyen byen anmè.
32Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon
lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou:
‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki
rete an silans nan mitan lanmè a?’
33Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo,
ou te fè kè anpil pèp kontan.
Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo,
ou te fè wa latè yo vin rich.
34Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo,
nan fon dlo yo,
machandiz ou ak tout twoup ou yo
te tonbe pami ou.
35Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo
te vin efreye de ou,
e wa yo vin plen ak gwo laperèz.
Vizaj yo vin twouble.
36Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou.
Lafen ou te vrèman etonan,
e ou p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”

Did you know?
The Lament and Commerce of Tyre
- In this lament, the prophet depicts the Phoenician maritime city of Tyre as a magnificent trading ship. Its structure is described as built with timbers of Lebanon cedar, cypress, and Bashan oak, outfitted with sails of Egyptian linen, and manned by mariners and craftsmen from coastal cities like Sidon, Arvad, and Gebal.Sources: the Bible text itself · Tyre · Lebanon · Arvad
- The chapter offers a detailed catalog of ancient Mediterranean and Near Eastern commerce. Tyre’s trade connections spanned from Tarshish in the west for metals like silver and tin, to Javan (Greece), the nomadic tribes of Kedar for livestock, and the merchants of Sheba in southern Arabia for gold, gems, and fine spices.Sources: the Bible text itself · Tarshish · Javan · Sheba
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Tyre · 33.271, 35.196 · verses 2, 3, 8, 32
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 5
- Senir · Today: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · verse 5
- Bashan · 32.781, 35.935 · verse 6
- Cyprus · 35.000, 33.000 · verse 6
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 7
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 8
- Gebal · Today: Byblos · 34.119, 35.646 · verse 9
- Lud · Today: Lydia · 38.488, 28.040 · verse 10
- Persia · 34.806, 48.516 · verse 10
- Javan · Today: Ionia · 38.200, 27.500 · verse 13
- Meshech · Today: about 200 km around Gordion · 39.655, 31.994 · verse 13
- Tubal · Today: Tabal · 37.296, 36.254 · verse 13
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 16
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 18
- Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verse 19
- Arabia · Today: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · verse 21
- Kedar · 29.811, 39.868 · verse 21
- Sheba · 15.348, 44.206 · verses 22, 23
- Asshur · Today: Assur · 35.457, 43.263 · verse 23
- Eden · Today: Beth-eden · 36.701, 38.087 · verse 23
- Haran · Today: Harran · 36.864, 39.033 · verse 23
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org