Ezekiel 26
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remèt nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’ 3akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li. 4Yo va detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid. 5Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin piyaj pou nasyon yo. 6Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo tèren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’
7“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame. 8Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou. 9Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo. 10Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann. 11Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè. 12Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo. 13Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò. 14Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.
15“Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou? 16Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou. 17Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou:
“Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan,
Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome
ki te pwisan sou lanmè,
li menm ak tout moun ki te rete ladann yo,
ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”
18Koulye a, peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a.
Wi, peyi kot ki bò lanmè yo
va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’
19“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou, 20konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo. 21Mwen va mennen gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”

Did you know?
The Prophecy against Tyre
- Tyre was a renowned Phoenician port city whose seafaring merchants dominated Mediterranean commerce. In this chapter, Tyre rejoices at the downfall of Jerusalem, anticipating that the collapse of the inland city would redirect wealth and lucrative trade routes to its own harbors.Sources: Tyre · the Bible text itself
- The name Tyre means "a rock." Ezekiel emphasizes this identity by prophesying that the prosperous maritime city would be scraped bare of its soil like a rock, becoming nothing more than a deserted flat where fishermen spread out their nets to dry.Sources: Tyre · the Bible text itself
- Nebuchadnezzar II, the powerful king of Babylon, is identified by name as the instrument of judgment brought against Tyre. Ezekiel describes his army advancing with cavalry, chariots, siege ramps, and battering rams against the coastal settlements and city fortifications.Sources: Nebuchadnezzar · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Tyre · 33.271, 35.196 · verses 2, 3, 4, 5, 7, 15, 19
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 7
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org