Nations Bible

Ezekiel 28

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: 2“Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Akoz kè ou vin leve,

e ou te di: ‘Mwen se yon dye,

Mwen chita sou chèz Bondye,

nan kè lanmè yo’;

malgre, ou se yon nonm

e ou pa yon dye;

sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—

3gade byen, ou pi saj ke Daniel.

Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.

4Ak sajès ou ak bon konprann ou,

ou te vin genyen richès pou tèt ou,

e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.

5Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou

e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”

6“‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

“Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,

7akoz sa, gade byen,

Mwen va mennen etranje yo sou ou,

sila ki pi sovaj pami nasyon yo.

Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,

e yo va souye gwo bèlte ou a.

8Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,

e ou va mouri lanmò a sila ki touye

nan kè lanmè yo.

9Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,

nan prezans a sila ki te touye ou a?

Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,

nan men a sila ki blese ou yo.

10Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo,

paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”

11Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 12“Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Ou te genyen so pèfeksyon an,

plen sajès e pafè an bèlte.

13Ou te nan Éden, jaden Bondye a.

Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:

Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,

Safi, malachi, emwòd,

epi lò. Baz kalite travay

pou tout prezantasyon te nan ou.

Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.

14Ou te cheriben onksyone ki kouvri a

e Mwen te plase ou la.

Ou te sou mòn sen Bondye a.

Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.

15Ou te san fot nan tout chemen

ou yo depi jou ou te kreye a,

jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.

16Akoz gwo fòs kantite komès ou a,

ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans

e ou te peche.

Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane

sòti nan mòn Bondye a.

Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a,

soti nan mitan wòch dife a.

17Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou.

Ou te fè sajès ou vin konwonpi

akoz gwo bèlte ou a.

Mwen te jete ou atè.

Mwen te mete ou devan wa yo

pou yo wè ou.

18Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo,

nan enjistis de komès ou a,

ou te pwofane sanktyè ou yo.

Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou.

Li fin manje ou nèt.

Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a

devan zye a tout moun ki wè ou yo.

19Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo

vin etone jiskaske yo vin sezi de ou.

Ou te vin yon gwo etonman laperèz,

e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”

20Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 21“Fis a lòm, mete figi ou vè Sidon. Pwofetize kont li, 22epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon,

e Mwen va vin glorifye nan mitan ou.

Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,

lè Mwen egzekite jijman ladan l,

e nan li, Mwen vin sen.

23Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l.

San ap koule nan ri li yo.

Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li,

e nepe va antoure l tout kote.

Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

24“‘“P ap gen pou lakay Israël ankò rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

25“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob. 26Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Prophecies Against Tyre and Sidon

  • Ezekiel rebukes the ruler of Tyre for his arrogance fueled by immense commercial prosperity. Tyre was an ancient Phoenician city renowned for navigating the Mediterranean and gathering the commerce of the known world into its warehouses.Sources: the Bible text itself · Tyre
  • The prophecy ironically asks if the ruler of Tyre considers himself wiser than Daniel, from whom no secret was hidden. While Daniel was known for his wisdom, Tyre's leader used his skill solely to amass gold, silver, and commercial wealth.Sources: the Bible text itself · Daniel
  • Following the judgment against Tyre, Ezekiel prophesies against Sidon, located about twenty-five miles to the north. Sidon was the oldest Phoenician city and the mother city of Tyre, having a long history of oppressing Israel.Sources: the Bible text itself · Sidon · Tyre

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Tyre · 33.271, 35.196 · verses 2, 12
  • Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verses 21, 22

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.