Nations Bible

Ezekiel 25

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, 3Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, 4pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. 5Mwen va fè Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” 6Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, 7pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

8“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ 9pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

12“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.

15“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judgments on Surrounding Nations

  • Ammon lay east of the Jordan River with Rabbah as its chief city. Ezekiel prophesied that because Ammon gloated over the fall of Jerusalem and the profanation of the sanctuary, its territory and capital would be handed over to nomadic tribes from the East as pastures for camels and sheep.Sources: the Bible text itself · Ammon · Rabbah · East
  • The neighboring regions of Moab and Mount Seir—the rugged hill country inhabited by the descendants of Esau—were rebuked for claiming Judah was just like all the other nations. Ezekiel warned that their frontier cities would be left exposed and given as a possession to peoples from the East.Sources: the Bible text itself · Moab · Seir · Esau (Edom)
  • The chapter concludes with divine judgments against Edom and the Philistines, condemning both peoples for acting out of ancient hostility and taking malicious vengeance against Judah during its time of calamity.Sources: the Bible text itself · Edom

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ammon · 31.955, 35.934 · verses 2, 3, 5, 10
  • East · Today: region around Amman · 31.955, 35.934 · verses 4, 10
  • Rabbah · Today: Amman · 31.955, 35.934 · verse 5
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 8, 9, 10, 11
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 12, 13, 14
  • Philistia · 31.664, 34.546 · verse 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.