Ezekiel 24
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di: 2“Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a. 3Pale yon parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Mete chodyè a sou dife a.
Mete l,
e anplis, vide dlo ladann.
4Mete mòso yo ladann,
tout bon mòso yo:
kwis ak zepòl la.
Plen li ak zo byen chwazi yo.
5Pran mouton ki pi byen chwazi
nan bann mouton an,
e anplis, mete pil bwa anba chodyè a.
Fè l bouyi fò.
Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”
6“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a:
“Malè a peyi sanglan sila a,
a chodyè nan sila gen lawouy ladann lan!
Lawouy la ki pa sòti ladann lan!
Retire ladan mòso pa mòso,
san menm tire osò.
7“‘“Paske san fanm nan vèse
se nan mitan l.
Li te mete l sou wòch vid la.
Li pa t vide li atè a,
pou kouvri li ak pousyè.
8Pou l kapab koze gwo chalè
ak kòlè k ap pran vanjans,
Mwen te mete san li sou wòch vid la,
pou li kab pa kouvri.”
9“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a:
“Malè a vil sanglan sila a!
Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.
10Ogmante bwa a.
Byen ranje dife a.
Bouyi chè vyann nan byen.
Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.
11Epi mete li vid sou chabon limen li an
pou li ka byen cho,
pou bwonz li an kapab
gen koulè wouj
pou tout salte li yo
kapab vin fann ladann,
jiskaske lawouy li a fin manje nèt.
12Fi a te fè M fatige
ak travay di ke M fè;
malgre sa, gwo lawouy li a pa t kite li.
Kite lawouy li a rete nan dife a!
13“‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.
14“‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”
15Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 16“Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou. 17Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare mòso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy la.”
18Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.
19Pèp la te mande m: “Èske ou p ap di nou kisa sa vle di ke ou ap aji konsa?”
20Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe. 22Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a. 23Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt. 24Konsa, Ézéchiel va vin yon sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”
25“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo, 26pou nan jou sila a, sila ki chape a va vin kote ou ak enfòmasyon pou zòrèy ou? 27Nan jou sa a, bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Did you know?
The Siege of Jerusalem and Ezekiel's Bereavement
- Ezekiel received a divine directive to record the precise date—the tenth day of the tenth month in the ninth year—because on that very day the king of Babylon laid siege to Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Ezekiel
- When Ezekiel's wife died suddenly in the ninth year of his exile, he was forbidden from practicing typical mourning customs, such as weeping openly, removing his turban, going barefoot, covering his lips, or eating the bread of mourners.Sources: the Bible text itself · Ezekiel · Wife of Ezekiel
- The prophet's silent, uncustomary reaction to his personal loss was meant to serve as a sign to the exiles, foreshadowing how stunned and numb they would be when news reached them that the temple and Jerusalem had fallen.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org