Nations Bible

Deuteronomy 7

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit. 5Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife. 6Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.

7“SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.

9“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.

11“Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.

12“Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. 13Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.

15“Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo. 16Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.

17“Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’ 18nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte: 19Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo.

20“Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri. 21Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.

22“SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou. 23Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi. 24Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.

25“Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an. 26Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Chosen People and the Conquest of Canaan

  • Deuteronomy lists seven distinct nations in Canaan that were larger and stronger than Israel: Hittites, Girgashites, Amorites, Canaanites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. Israel was commanded not to make treaties or intermarry with them to prevent being drawn into idolatry.Sources: the Bible text itself
  • Israel's election was not based on size or strength, as they were described as the fewest of all peoples. Their deliverance from Pharaoh king of Egypt was rooted entirely in God's love and the oath made to their ancestors.Sources: the Bible text itself · Pharaoh (of the Exodus) · Egypt
  • The conquest was intended to occur gradually rather than all at once. An immediate depopulation of the land would have caused wild animal populations to multiply and overwhelm the incoming Israelites.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 8, 15, 18, 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.