Deuteronomy 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
3“O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
4“Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
10“Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati, 11epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè; 12alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
13“Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. 14Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, 15paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
16“Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a.
17“Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
18“Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo, 19lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
20“Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’ 21Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan. 22Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li. 23Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’
24“Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a. 25Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.
Did you know?
Loving God and Passing on the Covenant
- The central confession in Deuteronomy 6:4, known as the Shema from the Hebrew word for 'Hear', declares that the Lord is one. The passage commands the Israelites to love God wholly and to weave these commandments into daily life, speaking of them at home, on journeys, at bedtime, and at sunrise.Sources: the Bible text itself
- Moses warns the people not to test God as they did at Massah, a place name meaning 'trial' or 'temptation'. This refers to the wilderness episode where the Israelites provoked God by complaining about a lack of water.Sources: the Bible text itself · Massah
- Parents are instructed to answer their children's questions about the laws by recalling their historical liberation from slavery under Pharaoh in Egypt. This shared memory of divine deliverance was intended to motivate lifelong obedience and reverence.Sources: the Bible text itself · Pharaoh (of the Exodus)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 12, 21, 22, 23
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org