Acts 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la. 2Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.
3Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
5Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”
Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 6Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”
7Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.
8Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. 9Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
10Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
13Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. 14Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
15Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. 16Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
17Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
18Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize. 19Li te pran manje e te reprann fòs li.
Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo. 20Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
21Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
22Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
23Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li, 24men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
25Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
26Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
27Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
28Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. 29Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. 30Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
31Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
32Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo. 33La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
34Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
35Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.
36Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
39Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
40Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.”
Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
41Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
42Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.
43Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.

Did you know?
Saul's Conversion and Peter's Ministry
- The persecutor in this chapter is called Saul, a man from Tarsus. Saul was the name he received at circumcision, his Hebrew name at home; the name Paul was probably also given to him in infancy for use in the Gentile world. Tarsus, the capital of Cilicia, a Roman province in southeast Asia Minor, stood on the river Cydnus, navigable that far, was distinguished for its wealth from trade with Mediterranean lands and central Asia Minor, and was the seat of a famous university whose schools are described as rivaling those of Athens and Alexandria.Sources: Paul · Tarsus · the Bible text itself
- Damascus, which Saul was approaching with letters from the high priest so that he could bring men and women of the Way as prisoners to Jerusalem, is described as the most ancient of the cities of the East and the capital of Syria, about 133 miles north of Jerusalem. Ananias was sent to the house of Judas, a Jew of Damascus, on the street called Straight, a long broad street running east to west for about a mile and forming the city's principal thoroughfare, unlike the narrow and irregular streets usual in towns of the East. That street is identified with the street of bazaars, where a so-called house of Judas has been pointed out.Sources: Damascus · Straight Gate · Judas (Jew of Damascus) · the Bible text itself
- Lydda, where Peter found Aeneas, paralyzed and bedridden for eight years, lay about nine miles east of Joppa, on the road from that seaport to Jerusalem. Joppa stood on a sandy promontory about thirty miles northwest of Jerusalem and was the chief seaport of Judea. There the disciple Tabitha is also called Dorcas, a Greek name meaning gazelle; she was known for works of kindness and charity, and the widows showed Peter the tunics and other clothing she had made.Sources: Lydda · Joppa · Dorcas · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Damascus · 33.511, 36.306 · verses 2, 3, 8, 10, 19, 22, 27
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 13, 21, 26, 28
- Straight Street · 33.509, 36.311 · verse 11
- Tarsus · 36.913, 34.892 · verses 11, 30
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 30
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 31
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 31
- Samaria · Today: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · verse 31
- Lod · 31.950, 34.900 · verses 32, 35, 38
- Sharon · Today: Sharon Plain · 32.400, 34.883 · verse 35
- Joppa · Today: Jaffa · 32.054, 34.753 · verses 36, 38, 42, 43
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org