Acts 10
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an. 2Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
3Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
4Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”
Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”
7Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.
9Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
14Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
15Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
16Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.
17Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè a te siyifi. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. 18Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.
19Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. 20Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”
21Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”
22Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”
23Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.
Nan jou swivan an, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.
24Nan yon jou pita, li te antre Césarée.
Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. 25Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.
26Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”
27Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini. 28Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. 29Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”
30Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. 32Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ 33Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
34Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
37“Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
39“Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
43“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
44Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.
Alò, Pierre te reponn: 47“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.
Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

Did you know?
Peter and the Gentiles at Caesarea
- Caesarea, where Cornelius lived, lay on the Mediterranean coast, on the road from Tyre to Egypt, about seventy miles northwest of Jerusalem. Easton's Bible Dictionary (1897) says Herod the Great built it in 10 B.C. on the site of Strato's Tower and named it after Caesar Augustus. The same work calls it the capital of the Roman province of Judaea, the seat of the governors, and the great Gentile city of Palestine.Sources: Caesarea · the Bible text itself
- Cornelius was a centurion in what was called the Italian Regiment. He and all his household were devout and God-fearing; he gave generously to the people and prayed to God regularly. Easton's Bible Dictionary (1897) says that living in Caesarea probably brought him into contact with Jews and their expectations about the Messiah, and that he and his family were baptized.Sources: Cornelius · the Bible text itself
- Peter was staying in Joppa with Simon the tanner, a Christian whose house stood by the sea. Joppa, the chief seaport of Judea, lay on a sandy promontory between Caesarea and Gaza, about thirty miles northwest of Jerusalem. An event chronology dates Peter's meeting with Cornelius to AD 38.Sources: Simon the Tanner · Joppa · the Bible text itself · Peter meets Cornelius
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verses 1, 24
- Joppa · Today: Jaffa · 32.054, 34.753 · verses 5, 8, 23, 32
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 37
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 37, 39
- Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 38
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org