Acts 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.
Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. 2Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
3Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
4Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri. 8Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
12Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo. 15Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
18Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
24Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
25Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
26Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
27Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
29Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
30Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:
“Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.
Kon yon jenn mouton an silans
devan sa k ap taye lenn sou do l,
li pa t louvri bouch li.
33Nan imilyasyon, jistis li te rachte.
Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?
Paske vi Li retire sou tè a.”
34Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
36Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
39Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
40Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

Did you know?
The message spreads beyond Jerusalem
- After Stephen’s death, a great persecution broke out against the church in Jerusalem, and all except the apostles were scattered through Judea and Samaria. Philip, one of the seven and later called the evangelist, was among them; he went first to Samaria, where the crowds gave their attention to his message about the Christ.Sources: the Bible text itself · Phillip the Evangelist
- Before Philip arrived, Simon had long astounded Samaria by sorcery, and people called him the divine power known as the Great Power. He believed and was baptized, then offered money for the power to give the Holy Spirit by the laying on of hands; the word simony, for buying a spiritual office, is derived from his name.Sources: the Bible text itself · Simon the Sorcerer
- Two roads linked Jerusalem and Gaza; Philip was sent along the one through Hebron and a thinly inhabited district called the desert. There he met an Ethiopian eunuch, treasurer to Candace, queen of the Ethiopians, returning from worship in Jerusalem and reading the prophet Isaiah in his chariot. Candace was a title borne by successive queens of Meroe in Upper Nubia, a wealthy center of trade between Africa and southern Asia.Sources: the Bible text itself · Phillip the Evangelist · Candace
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 14, 25, 26, 27
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 1
- Samaria · Today: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · verses 1, 5, 9, 14, 25
- Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 26
- Ethiopia · 16.935, 33.751 · verse 27
- Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 40
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 40
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org