Nations Bible

2 Samuel 5

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou. 2Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’” 3Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.

4David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan. 5Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.

6Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.” 7Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”. 8David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”

9Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. 10David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li. 11Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David. 12Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.

13Antretan, David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David. 14Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon, 15Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia, 16Élischama, Éliada, Éliphéleth.

17Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. 18Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan. 19Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”

SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”

20Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim. 21Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.

22Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan. 23Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo. 24Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”

25Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David King Over All Israel and the Capture of Jerusalem

  • After ruling for seven and a half years in Hebron, David unified Israel and captured the mountain stronghold of Zion from the Jebusites. He renamed the fortress the City of David and expanded its defenses around the Millo, or supporting terraces.Sources: the Bible text itself · Zion · Millo · Hebron
  • Hiram, king of the Phoenician coastal city of Tyre, established an alliance with David by sending cedar timber, carpenters, and stonemasons to build a royal palace in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Hiram · Tyre
  • Located southwest of Jerusalem, the Valley of Rephaim served as the staging ground for Philistine incursions once they learned David had been crowned king over all Israel.Sources: the Bible text itself · Valley of Rephaim

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 1, 3, 5, 13
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 5, 6, 13, 14
  • City of David · 31.774, 35.236 · verses 7, 9
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7
  • Tyre · 33.271, 35.196 · verse 11
  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verses 18, 22
  • Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verse 25

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.