2 Samuel 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke Abner te mouri Hébron, li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble. 2Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin. 3Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a).
4Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
5Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a. 6Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale. 7Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan. 8Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”
9David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo, 10lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la. 11Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?” 12Alò, David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.

Did you know?
The Assassination of Ish-bosheth
- The assassins Baanah and Rechab were from Beeroth, an ancient Gibeonite town assigned to the territory of Benjamin. The biblical text notes that the Beerothites had previously fled to Gittaim, where they resided as foreigners.Sources: the Bible text itself · Beeroth · Gittaim · Rimmon
- The chapter introduces Mephibosheth, the surviving son of Jonathan and grandson of Saul. When news of the royal family's defeat arrived from Jezreel, the five-year-old child was dropped by his fleeing nurse, leaving him permanently lame in both feet.Sources: the Bible text itself · Mephibosheth
- When Rechab and Baanah brought Ish-bosheth's severed head to Hebron expecting praise, David recalled his earlier execution of the Amalekite messenger at Ziklag. David condemned the murder of an innocent man in his own bed, ordering the conspirators executed and burying Ish-bosheth's head in Abner's tomb.Sources: the Bible text itself · Baanah · Ziklag · Abner
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org