Nations Bible

2 Samuel 6

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil. 2Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa Non an, vre non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an. 3Yo te plase lach Bondye a sou yon kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la. 4Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la. 5Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.

6Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe. 7Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a. 8David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a. 9Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?” 10Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay Obed-Édom, Gatyen an. 11Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li. 12Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.”

Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. 13Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. 14Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len. 15Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.

16Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l. 17Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a. 18Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a. 19Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.

20Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”

21Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a. 22Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”

23Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Bringing the Ark to Jerusalem

  • Baale-judah is another name for Kiriath-jearim, the city where the ark of the covenant had been kept in the home of Abinadab since its return from the Philistines. King David assembled thirty thousand chosen men of Israel to bring the ark up from there to Jerusalem on a new cart guided by Abinadab's sons, Uzzah and Ahio.Sources: Baale-judah · Abinadab · Ahio · the Bible text itself
  • When the oxen stumbled at the threshing floor of Nacon, Uzzah took hold of the ark to steady it and died beside it. David called the place Perez-uzzah, meaning breach of Uzzah, and temporarily diverted the ark to the house of Obed-edom the Gittite for three months before completing its journey to Jerusalem.Sources: Perez-uzzah · Uzzah · the Bible text itself
  • Saul's daughter Michal, David's wife, watched from a window as the king danced and leaped before the ark wearing a linen ephod, and she despised him in her heart. When she confronted him for what she viewed as undignified behavior before the people, David defended his celebration before God, and Michal remained childless until her death.Sources: Michal · Saul · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Baale-judah · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verse 2
  • Perez-uzzah · Today: within 1 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 8
  • City of David · 31.774, 35.236 · verses 10, 12, 16

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.