Nations Bible

2 Kings 8

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”

2Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane. 3Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou fè demann a wa a pou lakay li avèk chan li. 4Alò, wa a t ap pale avèk Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: “Souple, fè m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn fè yo.” 5Pandan li t ap pale wa a ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”

6Lè wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: “Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite tè a jis rive koulye a.”

7Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: “Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”

8Wa a te di a Hazaël: “Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”

9Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”

10Alò, Élisée te di li: “Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’” 11Li te gade l byen fiks, jiskaske li te wont. Epi nonm Bondye a te kriye.

12Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?”

Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”

13Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?”

Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”

14Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?”

Epi li te reponn: “Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè.”

15Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.

16Alò, nan senkyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat, wa Juda, te devni wa. 17Li te gen laj a trann-dezan lè li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem. 18Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. 19Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.

20Nan jou pa li yo, Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo. 21Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo. 22Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a. 23Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo? 24Konsa, Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.

25Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye. 26Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la. 27Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.

28Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram. 29Konsa, Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.

Did you know?

Prophetic Succession and Royal Alliances

  • When King Ben-hadad of Damascus fell ill, he sent his officer Hazael with forty camel loads of gifts to consult Elisha. Elisha wept as he foretold the immense cruelty Hazael would inflict on Israel, and the following day Hazael smothered the king with a wet cloth to seize the throne of Aram.Sources: the Bible text itself · Hazael · Ben-hadad · Damascus
  • Jehoram of Judah married Athaliah, a daughter of Ahab and Jezebel, aligning the southern kingdom with the practices and policies of the northern monarchy. This alliance persisted under their son Ahaziah, who joined Israel's king in military conflict against Hazael at Ramoth-gilead.Sources: the Bible text itself · Jehoram · Ahaziah · Ahab
  • After surviving a seven-year famine among the Philistines, the Shunammite woman petitioned the king for the return of her abandoned property. Gehazi's firsthand testimony about Elisha raising her son prompted the king to restore not only her estate but all its lost crop revenue.Sources: the Bible text itself · Gehazi

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Damascus · 33.511, 36.306 · verses 7, 9
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 7, 9, 13, 28, 29
  • Aram · 33.511, 36.306 · verse 15
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 17, 26
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 20, 21, 22
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 24
  • Ramah · Today: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · verse 29

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.