Nations Bible

2 Kings 9

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil la nan men ou pou monte Ramoth-Galaad. 2Lè ou rive la, chache jwenn Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan. 3Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”

4Konsa, jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad. 5Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”

Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?”

Li te di: “Pou ou, O kapitèn.” 6Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm. 7Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel. 8‘Paske tout lakay Achab va peri e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël. 9Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e tankou lakay Basha, fis Achija a. 10Chen ap manje Jézabel nan tèritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.

11Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo:

“Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”

12Yo te di:

“Sa se manti. Pale nou koulye a.”

Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.

13Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”

14Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a. 15Men Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.” 16Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram. 17Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”

Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”

18Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”

19Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

20Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi kondwi li se tankou kondwi a Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”

21Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”

Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la. 22Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”

Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”

23Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: “Trayizon, O Achazia!”

24Konsa, Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li. 25Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li: 26‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan tèren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan tèren an, selon pawòl SENYÈ a.”

27Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri. 28Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. 29Alò, nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.

30Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la. 31Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: “Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”

32Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”

Konsa, de oswa twa lenik rèn nan te gade anba kote li.

33Li te di: “Jete li anba.”

Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo. 34Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de fanm modi sila a e antere li; paske se fi a wa a ke li ye.”

35Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo. 36Pou sa, yo te retounen pou te pale li.

Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan tèren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel, 37epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan tèren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Jehu's Anointing and the Fall of Ahab's House

  • Ramoth-gilead was a contested border city east of the Jordan where Israel's military commanders were stationed against Hazael, king of Aram, while King Joram recovered in Jezreel. It was in this military camp that a disciple sent by the prophet Elisha privately anointed the commander Jehu as king.Sources: Ramoth-gilead · Jehu · the Bible text itself
  • Jehu ordered the slain king Joram thrown onto the property of Naboth the Jezreelite. This fulfilled a prophetic judgment against the dynasty of Ahab for the wrongful death of Naboth and the seizure of his ancestral vineyard near the palace in Jezreel.Sources: Naboth · Jezreel · the Bible text itself
  • Jezebel was the daughter of Ethbaal, king of the Sidonians, before marrying Ahab. Even after orchestrating her death, Jehu acknowledged her royal background when he ordered her burial on the grounds that she was a king's daughter.Sources: Jezebel · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 14, 15
  • Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 27
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 28
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.