Nations Bible

2 Kings 7

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”

2Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?”

Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”

3Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri? 4Si nou di: ‘N ap antre nan vil la’, alò grangou nan vil la, nou va mouri la. Epi si nou chita isit la, nou va mouri tou. Pou sa, vini, annou janbe lòtbò nan kan Siryen yo. Si yo lese nou viv, nou va viv; epi si yo touye nou, nou p ap gen plis pase mouri.”

5Konsa, yo te leve avan l fènwa pou ale nan kan Siryen yo, epi gade byen, pa t gen moun la. 6Paske SENYÈ a te fè lame Siryen an tande bwi a cha yo avèk bwi cheval yo, son a yon gwo lame, jiskaske yo te di youn ak lòt: “Men gade, wa Israël la gen tan mete an sèvis kont nou wa Etyen yo avèk wa Ejipsyen yo pou yo vini sou nou.” 7Pou sa, yo te leve kouri pandan tenèb la t ap pwoche e te kite tant yo avèk cheval yo avèk bourik yo ak kan an, jis jan ke li te ye a pou te sove ale e sove lavi yo. 8Lè moun lalèp sa yo te rive nan landwa kan an, yo te antre nan yon tant pou te manje ak bwè e yo te pote soti la, ajan avèk lò avèk rad pou te ale sere yo. Epi yo te tounen antre nan yon lòt tant pou te pote soti la tou pou te ale sere yo. 9Men konsa, yo te pale youn ak lòt: “Nou pa fè byen. Jou sa a se yon jou bòn nouvèl, men nou rete an silans. Si nou tann jis rive maten an, pinisyon va vin rive sou nou. Alò, pou sa, annou ale pale moun lakay wa a.”

10Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”

11Gadyen pòtay yo te rele pale anndan kay wa a.

12Wa a te leve nan lannwit lan e li te di a sèvitè li yo: “Mwen va pale ou koulye a sa ke Siryen yo gen tan fè. Yo konnen ke nou grangou; pou sa, yo te kite kan an pou kache yo menm nan chan an. Y ap di: ‘Lè yo sòti lavil la, nou va kaptire yo vivan e antre nan vil la.’”

13Youn nan sèvitè li yo te di: “Souple, kite kèk moun pran senk nan cheval ki rete lavil la. Gade byen, malgre nenpòt nan yo va menm jan ak tout rès foul moun ki rete ladann nan. Gade byen, yo tankou tout foul ki gen tan peri deja. Pou sa, annou voye gade.”

14Konsa, yo te pran de cha avèk cheval e wa a te voye yo dèyè lame Siryen an, e te di: “Ale gade.”

15Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a. 16Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a. 17Alò, wa a te chwazi menm ofisye wayal la, sou men a sila li te konn apiye a, pou pran chaj pòtay la; men pèp la te foule li anba pye nan pòtay la e li te vin mouri jis jan ke nonm Bondye a te pale a, ki t ap pale pandan wa a te vin desann kote l la. 18Li te vin rive jis jan ke nonm Bondye a te pale a wa a, lè l te di: “De mezi lòj pou yon sik e yon mezi farin fen pou yon sik, va vann demen vè lè sa a nan pòtay Samarie.” 19Epi ofisye wayal la te reponn nonm Bondye a e te di: “Alò gade byen, Si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske yon bagay konsa ta kab rive?” Epi li te di: “Gade byen, ou va wè li avèk pwòp zye pa ou, men ou p ap manje ladann.” 20Epi se konsa sa te vin rive li, paske pèp la te foule li anba pye nan pòtay la, e li te vin mouri.

Did you know?

The Relief of Samaria and Elisha's Prophecy

  • During a severe siege and famine in the capital city of Samaria, Elisha foretold that grain would become plentiful and cheap within twenty-four hours. When a royal officer expressed disbelief, Elisha predicted that the officer would witness the sudden supply with his own eyes but would not eat any of it.Sources: the Bible text itself · Elisha · Samaria
  • The Aramean army fled in panic after hearing the sound of a great army, suspecting that Israel had hired the kings of the Hittites and Egyptians against them. Four men with leprosy discovered the abandoned tents and provisions at twilight and reported the news to the gatekeepers of Samaria.Sources: the Bible text itself · Egypt
  • After scouts verified the retreat as far as the Jordan River, the starving population rushed out to plunder the camp. In the chaotic rush through the city gate, the skeptical royal officer stationed there was trampled to death, fulfilling Elisha's prediction.Sources: the Bible text itself · Jordan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 1, 16, 18
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 5
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 6
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.