2 Corinthians 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
2Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun. 3Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm. 4Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
5Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
8Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. 9Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a. 12Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm. 13Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout. 14Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite. 15Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman. 16Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.

Did you know?
Comfort after a painful letter
- Macedonia, where Paul says he arrived with no rest in his body—conflicts outside and fears within—was a Roman province north of Greece. There, he writes, the God who comforts the downcast comforted him by the arrival of Titus.Sources: Macedonia · the Bible text itself
- Paul speaks of a letter that made them sorrowful, but only for a short time. He now rejoices not because they were sorrowful, but because that sorrow led them to repentance; he says they felt the sorrow God intended, were not harmed by him, and showed earnestness, zeal, and innocence in the matter.Sources: the Bible text itself
- A short account describes Titus as a companion of Paul, apparently a Gentile chiefly engaged in ministering to Gentiles. In this chapter Paul says Titus’s arrival comforted him, that Titus reported their longing, mourning, and zeal, and that they welcomed Titus with fear and trembling.Sources: Titus · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org