2 Corinthians 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. 3Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou 6nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vre lanmou an 7nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, 8pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; 9kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
11Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
14Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”

Did you know?
Open Hearts in the Day of Salvation
- The chapter urges its hearers not to receive God’s grace in vain. It quotes God as saying that he heard them in a time of favor and helped them in a day of salvation, then applies those words at once: now is the time of favor, and now is the day of salvation.Sources: the Bible text itself
- The speakers commend themselves as servants of God through great endurance in troubles, hardships, and calamities, in beatings, imprisonments, and riots, and in labor, sleepless nights, and hunger, as well as in purity, knowledge, patience, kindness, the Holy Spirit, and sincere love. They also speak of weapons of righteousness in the right hand and in the left, and of sharp contrasts: dying, yet living on; punished, yet not killed; poor, yet making many rich; having nothing, yet possessing everything.Sources: the Bible text itself
- They speak freely to the Corinthians, saying that their own hearts are open wide while the Corinthians’ affection is restrained, and, as a fair exchange, they ask them, as children, to open their hearts also. They warn them not to be unequally yoked with unbelievers, contrasting righteousness with wickedness, light with darkness, Christ with Belial, a believer with an unbeliever, and the temple of God with idols. The chapter says that we are the temple of the living God, and it includes the Lord’s call to come out from among them, be separate, and touch no unclean thing.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org