Nations Bible

2 Corinthians 8

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo. 5Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye. 6Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. 7Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.

8Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. 9Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. 10Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 11Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 12Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. 13Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. 14Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. 15Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”

16Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la. 17Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li. 18Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo. 19Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou. 20N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a. 21Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm. 22Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm. 23Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la. 24Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Generosity and the Jerusalem Collection

  • In New Testament times Macedonia was a Roman province north of Greece. Paul was summoned by the vision of a man of Macedonia to preach the gospel there, and this chapter tells the Corinthians how those churches, in a terrible ordeal and deep poverty, gave joyfully and even beyond their ability.Sources: Macedonia · the Bible text itself
  • Titus, whose name nowhere occurs in Acts, appears to have been a Gentile chiefly engaged in ministering to Gentiles. From Ephesus, Paul sent him to Corinth to forward the church's contributions for the poor saints at Jerusalem; in this chapter Paul urges him to complete that work, and Titus is coming eagerly of his own accord.Sources: Titus · the Bible text itself
  • Along with Titus, Paul is sending a brother praised by all the churches for his work in the gospel and chosen by them to accompany the offering, and another brother whose earnestness has been proven many times and in many ways. He explains that this care is meant to avoid criticism of how the generous gift is administered, so that they do what is right not only in the eyes of the Lord but also in the eyes of other people.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 4, 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.